Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè la fèb.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Fè je nou klè! Epi priye pou nou pa tonbe nan tantasyon! Lespri a byen dispoze, men lachè a fèb.”

参见章节 复制




Matye 26:41
34 交叉引用  

A la beni se sila ak chemen ki san fot yo, ki mache nan lalwa SENYÈ a.


Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv kòmandman a Bondye mwen yo.


Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.


Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo, paske Ou va fè kè m vin grandi. HE


“Pou sa, fè atansyon, paske nou pa konnen ni jou, ni lè.


Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”.


Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal. Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’


Kontinye veye e priye pou ou pa antre nan tantasyon. Lespri a dispoze, men chè la fèb.”


Konsa, padone peche nou yo, paske nou menm osi padone tout sila ki dwe nou. Pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de sila ki mechan an.’”


Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”


Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”


Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”


“Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.


Paske sa ke Lalwa a pa t kab fè akoz feblès li anvè lachè a, Bondye te fè l lè Li te voye pwòp Fis li menm nan imaj a chè peche a, kòm yon ofrann pou peche. Konsa, Li te kondane peche nan lachè,


Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.


Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.


Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.


Lafen tout bagay pwòch. Konsa, se pou nou vin saj, ak yon jan de panse byen serye pou nou kab priye.


Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.


Alò Senyè a konnen kijan pou Li delivre moun Li yo de tantasyon, e pou kenbe mechan an anba pinisyon pou jou jijman an.


“Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”


“Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.


跟着我们:

广告


广告