Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:26 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

26 Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

26 Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.”

参见章节 复制




Matye 26:26
16 交叉引用  

Li te kòmande tout foul la chita atè. Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade anwo nan syèl la, e te beni manje a. Li te kase pen yo, Li te bay disip yo, epi disip yo te bay foul la.


Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout;


Li te pran senk pen yo avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni manje a. Li te kase pen yo, e Li te kontinye bay disip yo pou mete devan yo. Li te divize bay nan de pwason yo pami yo tout.


Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm.


Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li.


De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè.


Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi.


Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.


跟着我们:

广告


广告