Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 26:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, yonn nan douz disip yo, Jida Iskaryòt, al jwenn chèf prèt yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Apre sa, Jida Iskaryòt, youn nan douz disip yo al pale ak chèf prèt yo,

参见章节 复制




Matye 26:14
14 交叉引用  

Simon, Zelòt la ak Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.


Judas, ki t ap trayi Li a te reponn: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?” Li te reponn li: “Se ou menm ki di l.”


Pandan Li te toujou ap pale, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo.


Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo.


Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.


Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit.


Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo.


“Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.


“Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti.


跟着我们:

广告


广告