Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 24:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske nasyon ap leve kont nasyon, epi wayòm kont wayòm. Nan plizyè andwa, va gen gwo grangou avèk tranbleman de tè yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Yon pèp pral leve goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen anpil grangou, va gen tranblemanntè divès kote.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Wi, yon nasyon gen pou leve kont yon lòt nasyon. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt wayòm. Pral gen grangou ak tranblemanntè toupatou.

参见章节 复制




Matye 24:7
20 交叉引用  

Nasyon te kraze pa nasyon, vil pa vil, paske Bondye te twouble yo avèk tout kalite gwo twoub.


Pou sa, Mwen va eksite Ejipsyen vin kont Ejipsyen. Yo chak va goumen kont frè pa yo, e yo chak kont vwazen yo; vil kont vil e wayòm kont wayòm.


Li va vizite pa SENYÈ dèzame yo. Li va pini yo ak tonnè, tranbleman detè, gwo bri, toubiyon ak tanpèt ak flanm dife a ki manje tout bagay.


Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Konbyen ankò lè Mwen voye kat gwo jijman Mwen yo kont Jérusalem: nepe, gwo grangou, bèt sovaj ak epidemi pou koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li!


Mwen va boulvèse, boulvèse, boulvèse tout sa a. Sa tou p ap genyen li ankò jiskaske Sila ki gen dwa a, vini, e Mwen va bay li a Li menm.”’


Li va vin rive nan jou sa a ke yon gwo panik ki sòti nan SENYÈ a va tonbe sou yo. Konsa, chak va kenbe men vwazen l, e men a youn va vin leve kont men a lòt la.


Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la.


Youn nan yo ke yo te rele Agabus te kanpe. Li te kòmanse endike pa Lespri a, ke an verite, t ap gen yon gwo grangou nan tout mond lan. Epi se sa menm ki te rive sou règn Claude la.


Mwen va fè parèt mèvèy anwo nan syèl la, ak sign anba sou latè; san avèk dife, avèk vapè lafimen.


Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete.


Mwen te gade lè Li te kase sizyèm so a, epi te gen yon gwo tranbleman detè. Solèy la te vin nwa tankou rad antèman ki fèt avèk pwal e lalin lan te vin tankou san.


Lè Li te kase twazyèm so a, mwen te tande twazyèm kreyati vivan an, t ap di: “Vini pou wè!” Mwen te gade, e vwala, yon cheval nwa; e sila ki te chita sou li a te gen yon balans nan men l.


Konsa, mwen te tande yon bagay tankou yon vwa nan mitan kat kreyati vivan yo ki t ap di: “De gode ble pou yon denye, e sis gode lòj pou yon denye. Pa fè mal a lwil ak diven an.”


Mwen te gade, e vwala, yon cheval koulè gri tankou sann, epi sila ki te chita sou li a te gen non Lanmò. Konsa, Sejou Lanmò a t ap swiv li. Otorite te bay a yo menm sou yon ka latè pou yo touye avèk nepe, avèk gwo grangou, epidemi lapès, e avèk bèt sovaj latè yo.


跟着我们:

广告


广告