Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 24:48 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

48 Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

48 Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen?

参见章节 复制




Matye 24:48
18 交叉引用  

Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant?


Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal.


Paske moun fou a pale foli, e kè li apiye vè mechanste: pou fè sa ki kont Bondye e pale mal kont SENYÈ a, pou kenbe moun grangou a san satisfè, e pou anpeche moun swaf la bwè.


“Fis a lòm, ki pwovèb sa a, ke nou menm pèp la, gen konsènan peyi Israël, ki di: ‘Jou yo long e tout vizyon yo vin gate’?


“Fis a lòm, gade byen, lakay Israël ap di: ‘Vizyon ke li fè a se pou anpil ane k ap vini e li pwofetize pou yon tan ki lwen.’


“Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m.


Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.


epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo,


“Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen.


Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè,


“Men si esklav la di nan kè l: Mèt mwen ap mize pou rive, epi li kòmanse bat esklav yo, ni fanm, ni gason, epi manje, bwè, e vin sou;


“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?


Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.


Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt.


Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.


“Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.


“Pa di nan kè nou, lè SENYÈ a, Bondye nou an, fin chase yo deyò devan nou, ‘Se akoz ladwati mwen, SENYÈ a te mennen mwen antre pou posede peyi sa a.’ Paske se akoz mechanste a nasyon sila yo ke SENYÈ a ap fè yo deplase devan nou.


跟着我们:

广告


广告