Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 24:31 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

31 Gwo klewon an va sonnen, l'a voye zanj li yo nan kat kwen latè pou sanble tout moun Bondye te chwazi yo, depi yon bout nan syèl la jouk nan lòt bout la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

31 Konsa gen yon gwo twonpèt ki va sonnen, epi Pitit Lòm va voye anj li yo nan kat kwen latè pou rasanble moun pa l yo, kelkeswa kote yo.

参见章节 复制




Matye 24:31
44 交叉引用  

Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.


Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan, sou plèn lin nan, nan jou fèt nou an.


Konsa, li te rive nan twazyèm jou a, lè li te vin maten, te genyen gwo tonnè avèk kout loray avèk yon nwaj byen fonse sou mòn nan, ak yon son twonpèt byen fò, jiskaske tout moun ki te nan kan an te tranble.


Li va leve yon drapo pou nasyon yo, rasanble egzile Israël yo, e Li va rasanble dispèse Juda ki soti nan kat kwen latè yo.


Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou detwi tout peyi a.


Anplis, li va vin rive ke nan jou ke gran twonpèt la ap sone a, sila ki t ap peri nan peyi Assyrie yo, e ki te gaye an Égypte yo, va vin adore SENYÈ a nan mòn sen Jérusalem nan.


Chante a SENYÈ a yon chan tounèf, lwanj Li jis rive nan dènye pwent latè! Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann, nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.


Mwen va di a nò: ‘Lage yo!’ Epi a sid: ‘Pa anpeche yo!’ Mennen fis Mwen yo soti lwen e fi Mwen yo soti nan dènye pwent latè yo—


“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo; paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.


“Leve zye ou e gade toupatou; yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a: “Ou va, anverite abiye ak yo tout, pou yo sèvi kon bijou ou, e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”


“Leve zye ou toupatou e gade; yo tout rasanble ansanm; yo vin kote ou. Fis ou yo va vini soti lwen, e fi ou yo va pote nan bra yo.


Daniel te di: “Mwen t ap gade nan vizyon mwen pandan nwit lan; epi vwala kat van syèl yo t ap boulvèse gwo lanmè a.


Nou va sove ale pa vale a mòn Mwen yo, paske vale a mòn yo va rive jis Atzel. Wi, nou va sove ale menm jan ke nou te sove ale devan tranbleman tè nan jou Ozias la, wa Juda a. Epi SENYÈ a, Bondye mwen an va vini e tout sen fidèl yo va avèk Li!


“‘Vini! Vini! Sove ale kite peyi nò a,’ deklare SENYÈ a: ‘paske Mwen te gaye nou tankou kat van syèl yo,’ deklare SENYÈ a.


Zanj lan te reponn mwen. Li te di: “Sa yo se kat lespri a syèl yo k ap prale soti devan Senyè a tout tè a.


Mwen va koupe retire cha Éphraïm nan, ansanm ak cheval Jérusalem nan. Banza lagè a va koupe retire; Li va pale lapè a nasyon yo. Wayòm Li an va soti nan lanmè jis rive nan lanmè, e nan Rivyè Euphrate la jis pou l rive nan dènye pwent tè a.


Epi SENYÈ a va vin parèt sou yo, e flèch Li va pati tankou kout loray. Senyè BONDYE a va sone twonpèt la, e Li va mache nan van tanpèt sid yo.


Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste.


Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.


Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo.


“Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou.


“Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.


Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè.


Li va voye zanj Li yo, e yo va ranmase tout eli Li yo, soti nan kat van yo, jis rive nan pwent tè ki pi lwen an, jouk nan pwent syèl ki pi lwen an.


Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem.


E pa sèlman pou nasyon sila a, men ke Li ta kab ranmase ansanm pou fè yon sèl, tout pitit Bondye ki te gaye a letranje yo.


Men mwen di: “Byensi, yo pa janm tande; se pa sa?” Anfèt yo tande: “Vwa pa yo ale sou tout latè e pawòl pa yo rive jis nan dènye pwent mond lan.” Epi pawòl yo rive nan tout pwent latè a.


nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje.


avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm


Si moun egzil sa yo nan lòt pwent tè a, soti la, SENYÈ a, Bondye nou an, va ranmase nou. Epi soti la, Li va mennen nou tounen.


Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa?


Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman.


Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak reyinyon nou ansanm avèk Li a,


ni a gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò.


Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.


Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.


跟着我们:

广告


广告