Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 24:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se li ki va delivre.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Men se moun ki pèsevere jiska lafen an ki va sove.

参见章节 复制




Matye 24:13
12 交叉引用  

Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt.


“Nou va tande afè lagè, avèk bwi ki pale sou lagè, men fè atansyon pou nou pa pè. Fòk bagay sa yo rive, men sa se pa lafen an.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.


Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.


“Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.


Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl;


ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.


Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm la.


Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;


Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.


“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.


跟着我们:

广告


广告