Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 22:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”

参见章节 复制




Matye 22:17
18 交叉引用  

Alò, kite wa a byen konnen, ke si vil sa a vin rebati, e miray yo konplete, yo p ap peye kontribisyon obligatwa pa yo ankò, ni tarif yo, ni frè lese pase yo, e sa va diminye fòs kès wa a.


Anplis, nou fè nou konprann ke li pa pèmèt pou enpoze taks, kontribisyon obligatwa, ni frè lese pase sou okenn nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, Netinyen yo, ni sèvitè lakay Bondye sila a.


Anplis, te gen ki te di: “Nou te prete lajan kont chan nou avèk chan rezen nou yo pou peye taks a wa a sou chan avèk chan rezen yo.


Gran rekòlt li bay vin pou wa yo ke Ou te fin mete sou nou akoz peche nou yo. Anplis, yo renye sou kò nou epi sou bèt nou yo, jan yo pito; pou sa a, nou nan gran pwoblèm.


Paske nou twonpe pwòp tèt nou. Se nou menm ki te voye mwen kote SENYÈ a, Bondye nou an. Nou te di: “Priye pou nou a SENYÈ a, Bondye nou an, epi nenpòt sa SENYÈ a, Bondye nou an di, fè nou konnen e nou va fè l.”


Li te reponn: “Wi”. Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”


Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye!


Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.


Èske Li pèmi pou nou peye taks a César, oubyen non?”


Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,


Se Jason ki resevwa yo. Yo tout aji kont dekrè César a. Y ap di gen yon lòt wa, Jésus!”


Paul te di nan pwòp defans li: “Mwen pa fè okenn ofans ni kont Lalwa Jwif yo, ni kont tanp lan, ni kont César.”


Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”


“Apre mesye sila a, Judas, Galileyen an, te leve nan jou resansman an, e li te atire kèk moun dèyè l. Li menm tou te peri, e tout sila ki te swiv li yo te vin gaye.


跟着我们:

广告


广告