Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 21:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

23 Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”

参见章节 复制




Matye 21:23
12 交叉引用  

Men li te di: “Kilès ki te fè ou prens, oswa jij sou nou? Èske ou gen entansyon vin touye mwen jan ou te touye Ejipsyen an?” Alò konsa Moïse te vin pè. Konsa li te di: “Anverite, afè sa gen tan vin konnen.”


Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an, epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.


Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo.


Jésus te sòti nan tanp lan e t ap fè wout Li. Disip Li yo te vini pou montre Li bèl konstriksyon tanp lan.


Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M.


Chak jou Li t ap enstwi nan tanp lan, men chèf prèt ak skrib yo avèk direktè yo pami pèp la t ap eseye detwi Li.


Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li.


Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”


“Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou?


跟着我们:

广告


广告