Matye 21:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 参见章节1998 Haïtienne21 Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil21 Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 参见章节 |