Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 20:34 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

34 Kè Jezi fè l mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

34 Jezi santi kè l fè l mal pou yo. Li touche je yo, epi nan menm moman an, je mesye yo te vin wè. Yo te leve, yo swiv Jezi.

参见章节 复制




Matye 20:34
20 交叉引用  

Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare, men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.


Li bon pou mwen ke m te aflije, pou m te kab aprann règleman Ou yo.


SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd, lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.


Lè L te debake atè, Li te wè yon gran foul. Li te gen konpasyon pou yo, e Li te geri malad yo.


Jésus te rele disip Li yo pou vin kote L. Li te di: “Mwen santi konpasyon pou foul la, paske yo la avè M koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale grangou, paske yo kab fennen sou wout la.”


Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.


Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo,


Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li.


Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.”


Epi lè Li wè tout foul moun yo, Li te gen konpasyon pou yo, paske yo te dezole e dekouraje tankou mouton ki san gadò.


Jésus te mennen l apa gran foul la, e te mete dwat Li anndan zòrèy moun nan. Li te krache, e te touche lang li avèk krache a.


Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.


Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.


Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.”


pou louvri zye yo pou yo kapab tounen kite tenèb la pou limyè a, e domèn Satan pou sila a Bondye, pou yo kapab resevwa padon peche yo ak yon eritaj pami sila ki sanktifye pa lafwa nan Mwen yo.’


Pou sa ta vin rive, li te oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo.


Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.


跟着我们:

广告


广告