Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 20:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Eske m pa gendwa fè sa m vle ak lajan mwen? Osinon, eske sa fè ou mal si m gen bon kè?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Dayè kòb mwen se pou mwen, mwen ka fè sa m vle avè l, pa vre? Èske nou jalou paske mwen gen kè nan men pou lòt moun yo?

参见章节 复制




Matye 20:15
24 交叉引用  

Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”


Pa manje pen a yon mesye ki chich, ni anvi bèl bagay li;


Yon nonm ak move zye kouri dèyè richès e li pa konnen kisa k ap rive li.


Èske Mwen pa kabab, O lakay Israël, aji avèk ou menm jan mèt krich la konn fè a? deklare SENYÈ a. Gade byen, tankou ajil la nan men mèt krich la a, se konsa ou ye nan men Mwen, O lakay Israël.


Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo.


Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Se volonte m pou bay moun sa menm fòs avèk ou.


Men si zye nou pa bon, tout kò nou ap plen tenèb. “Konsa, si limyè ki nan nou an se tenèb, ki pwofondè tenèb sa a genyen!


zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli.


Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.


Men lè Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.


Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.


nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache selon konsèy volonte pa Li,


Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.


ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. Pa lagras nou te sove a.


“Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou.


“Nonm pami nou ki byen rafine e ki janti a va vin sovaj anvè frè li, anvè madanm ke li renmen anpil la, ak anvè tout lòt pitit li ki rete yo,


Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.


Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.


跟着我们:

广告


广告