Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Yon vwa te tande nan Rama; yo te kriye e fè gwo lamantasyon. Rachel ki t ap kriye pou Pitit li yo; li te refize konsole, paske yo pa t la ankò.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pèsonn ba li kouray, paske pitit li yo mouri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 “Yon rèl pete nan Rama. Se yon rèl lanmò ak dezolasyon. Rachèl ap kriye pou pitit li yo. Li refize tout konsolasyon. Paske pitit li yo mouri.”

参见章节 复制




Matye 2:18
12 交叉引用  

Li te retounen vè frè li yo e te di: “Ti gason an pa la non; e pou mwen menm, kibò pou m ale?”


Papa yo, Jacob te di yo: “Nou fin fè m pèdi pitit mwen yo! Joseph pa la ankò, Siméon pa la ankò, e nou ta vle pran Benjamin. Tout bagay sa yo kont mwen.”


Men lòm mouri pou kouche plat. Lòm mouri e kibò li ye?


Konsa pale SENYÈ a, “Yon vwa vin tande nan Rama, lamantasyon yo ak gwo kriye dlo k ap sòti nan zye yo. Rachel ap kriye pou pitit li yo. Li refize rekonfòte pou pitit li yo, akoz yo pa la ankò.”


Paske mwen te tande kri yon fanm nan doulè l; doulè a yon fanm k ap fè premye pitit, kri fi a Sion an, k ap soufle fò, lonje men l e rele, “Anmwey! Mwen pedi kouraj nèt devan asasen yo.”


Lè L te louvri li devan mwen, li te ekri ni pa devan ni pa dèyè, e ekri sou li, se te lamantasyon, doulè ak mizè.


Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:


Alò yo tout t ap kriye, e t ap lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men l ap dòmi.”


Answit, mwen te gade e mwen te tande yon èg k ap vole nan mitan syèl la, ki t ap di nan yon gwo vwa: “Malè! Malè! Malè a sila ki rete sou latè yo, akoz son twonpèt a twa zanj ki toujou rete yo!”


跟着我们:

广告


广告