Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 2:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

15 Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.”

参见章节 复制




Matye 2:15
21 交叉引用  

Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an.


Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l; epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.


Bondye mennen l sòti an Égypte. Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon. Li va devore nasyon ki advèsè li yo. Li va kraze zo yo an mòso, Li va kraze yo avèk flèch li yo.


Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;


Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte.


Konsa, sa ki te pale pa pwofèt Jérémie an te vin akonpli lè l te di konsa:


Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv:


Li te vin rete nan yon vil yo rele Nazareth pou sa ke pwofèt yo te pale yo ta kapab akonpli: “Yo va rele Li yon Nazareyen”.


Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:


Men kijan konsa, pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli ki fè nou konnen jan l ap oblije fèt?”


Men tout sa vin rive pou Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.” Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.


Answit lè yo te fin krisifye L, yo te pataje vètman Li pami yo selon tiraj osò.


Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”


Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”


Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”


Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”


“Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo.


跟着我们:

广告


广告