Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 19:29 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

29 “Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

29 Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye.

参见章节 复制




Matye 19:29
25 交叉引用  

Yon tan pou chache e yon tan pou pèdi. Yon tan pou konsève, e yon tan pou jete.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”


Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa.


Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li.


Konsa, youn moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”


“Epi Wa la va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


“Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen.


Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.


“Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.


Lè yo te fin fè kannòt yo rive atè, yo te kite tout bagay pou yo te swiv Li.


“Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.


Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.


“Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm.


Paske Mwen va montre li konbyen li oblije soufri pou non Mwen.”


Men jan sa ekri a: “Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande, ki pa janm antre nan kè a lòm; tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”


Pou sa a, depi koulye a nou pa rekonèt okenn moun selon lachè. Malgre ke nou te konnen Kris selon lachè, deja koulye a nou pa konnen Li fason sa a ankò.


Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris.


Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.


Paske yo te sòti pou kòz a Non an, san aksepte anyen nan men etranje yo.


跟着我们:

广告


广告