Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 18:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 — Lè domestik la sòti, li kontre ak yon kanmarad ki te dwe l san (100) goud. Li kenbe l, li pran trangle l, li di li: Peye m sa ou dwe m lan.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!

参见章节 复制




Matye 18:28
15 交叉引用  

Epi selon pèp peyi la ki konn vini avèk machandiz avèk manje pou vann nan Saba a, nou p ap achte nan men yo nan Saba a ni nan okenn jou sen. Anplis, nou va lese rekòlt yo nan setyèm ane a, ansanm avèk koleksyon a tout dèt.


Mwen te konsilte avèk tèt mwen, e mwen te kanpe fèm ak gwo chèf yo, avèk gwo moun yo epi te di yo: “Nou ap egzije enterè, soti nan men frè nou yo!” Akoz sa, mwen te reyini yon gran asanble kont yo.


Yon moun pòv ki peze malere se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.


‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.


“‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Se ase! Nou menm ki prens an Israël yo! Kite vyolans ak destriksyon an pou pratike lajistis ak ladwati! Sispann fè piyaj sou pèp Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.


Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.


“Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’


Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.


Paske pafen sila a ta kapab vann pou plis ke twa san denye (fòs kòb yon jou travay) e li ta kab bay a malere yo.” E yo t ap kritike l.


Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Ou vle nou ale depanse de-san denye nan pen pou nou bay yo manje?”


Nan landemen, li te rale kòb de denye. Li te bay yo a mèt otèl la e te di l: ‘Pran swen li, epi nenpòt sa ke ou depanse, lè m tounen, mwen va remèt ou li.’


Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-san denye, epi lòt la, senkant.


Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”


Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.


跟着我们:

广告


广告