Matye 17:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.” 参见章节1998 Haïtienne27 Enben, pou sa pa fè eskandal, pran zen ou al peche. Premye pwason ki mòde a, rale li, louvri bouch li, ou va jwenn yon lajan anpyès. Pran li, peye taks pou nou de a. 参见章节Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil27 Men pou evite tout tèt chaje, desann bò lak la pou al peche. Gade nan bouch premye pwason ou pran an, w ap jwenn dekwa pou peye ni pou ou ni pou mwen. 参见章节 |