Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 17:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Jezi di yo: — Se paske nou manke konfyans nan Bondye. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: si nou te gen konfyans nan Bondye gwosè yon ti grenn moutad, nou ta di ti mòn sa a: wete kò ou la, al laba, li ta chanje plas. Pa gen anyen nou pa ta kapab fè. [

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Jezi reponn yo: “Se paske lafwa nou piti anpil! M ap di nou franchman si lafwa nou te gwosè yon ti grenn moutad, nou ta mèt di mòn sa a: retire kò w la, epi li t ap deplase san pwoblèm; anyen pa t ap parèt enposib devan nou.”

参见章节 复制




Matye 17:20
19 交叉引用  

Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.


Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.


Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”


Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”


Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”


Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt.


Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.


Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye.


Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive.


Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè.


Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”


Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”


Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.


Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”


Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”


A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,


Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.


Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz enkwayans yo.


跟着我们:

广告


广告