Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 17:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Jezi reponn: — Ala moun san konfyans nan Bondye! Ala move moun! Jouk kilè pou m rete nan mitan nou? Jouk kilè pou m sipòte nou? Mennen ti gason an isit ban mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Jezi di: “Bann moun san lafwa k ap viv nan peche. Pou konbyen tan ankò pou m rete avèk nou, pou m ap pran pasyans ak nou? Mennen pitit la isit ban mwen.”

参见章节 复制




Matye 17:17
25 交叉引用  

Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”


Moïse avèk Aaron te ale vè Farawon, e te di li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: ‘Jiska konbyen de tan ou va refize imilye ou devan Mwen? Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.


Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo?


“Jiskilè, O moun san bon konprann yo, nou va renmen rete san konprann anyen? Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e moun san konprann yo rayi konesans?


Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese? Se kilè ou va leve soti nan dòmi?


SENYÈ a te mele nan li yon lespri ki fè l toudi; yo mennen Égypte nan wout egare nan tout sa li fè, tankou moun sou k ap glise tonbe nan vomisman li.


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan, moun sa yo va desann mwen konsa? Pou konbyen de tan yo va refize kwè nan Mwen, malgre tout sign ke M te fè nan mitan yo?


Pou konbyen de tan, Mwen va sipòte kongregasyon mechan sila k ap bougonnen kont Mwen an? Mwen fenk tande plent ke fis Israël yo ap fè kont Mwen.


Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.


Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen?


Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”


Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.


“Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!


Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”


Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo;


Jésus te reponn: “O jenerasyon enkredil, e pèvès! Pou jis kilè M ap avèk nou, pou sipòte nou? Mennen pitit ou a isit la.”


Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”


Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.


Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”


Mwen swete ke nou ta ban mwen pèmisyon pou yon ti foli; men anfèt nou ban mwen l deja.


Yo te fè zak konwonpi anvè Li. Yo pa pitit li akoz defo yo. Yon jenerasyon pèvèti e kwochi,


跟着我们:

广告


广告