Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 16:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

20 Apre sa, li bay disip li yo lòd pou yo pa di pèsonn se Kris la li ye.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Apre sa, Jezi di disip li yo pou yo pa di moun se li menm ki Kris la.

参见章节 复制




Matye 16:20
16 交叉引用  

Jacob te fè Joseph, mari a Marie a, manman a Jésus ke yo rele Kris la.


Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”


Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”


Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”


Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.


Pandan yo t ap desann mòn nan, Li te bay yo lòd pou pa di pèsòn sa yo te wè a, jouk lè ke Fis a Lòm nan ta leve soti nan lanmò.


Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.


Men Li te avèti yo avèk severite pou yo pa pale sa a pèsonn.


Lè vwa a te pale, Jésus te twouve li sèl. Yo te rete an silans, e pa t di pèsonn sa ki te rive nan jou sa yo.


Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”


Philippe te twouve Nathanaël, e te di l: “Nou te twouve sila a ke Moïse nan Lalwa avèk pwofèt yo te ekri a, Jésus de Nazareth, fis a Joseph la.”


Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”


Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.


“Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”


Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


跟着我们:

广告


广告