Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 16:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Mwen menm, men sa m'ap di ou: Ou se yon wòch, Pyè. Se sou wòch sa a m'ap bati legliz mwen. Ata lanmò p'ap kapab fè l anyen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Ou rele Pyè ki vle di wòk, pa vre? Enben se sou wòk sa a mwen pral bati legliz mwen an. Menm puisans lanmò p ap ka gen viktwa sou li.

参见章节 复制




Matye 16:18
42 交叉引用  

anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo.


Alò wa a te di yo: “Nenpòt sa ki sanble bon a nou menm, se sa m ap fè.” Pou sa, wa a te kanpe akote pòtay la e tout moun yo te sòti pa santèn e pa milye.


Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?


Nanm yo te rayi tout kalite manje e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.


A la beni se nonm ke veso l plen ak yo. Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.


“Anpil fwa, yo te pèsekite mwen soti nan jenès mwen, men yo pa janm reyisi kont mwen.


Sila ki chita nan pòtay yo pale afè mwen, e moun sòt yo fè chan sou mwen.


Fè m gras, O SENYÈ; gade byen soufrans mwen akoz sila ki rayi mwen yo, e fè m leve soti nan pòtay lanmò yo,


Sajès twò wo pou moun ensanse a; li pa ouvri bouch li nan pòtay la.


Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.


Li va yon espri lajistis pou sila ki chita nan jijman an, yon ranfòsman pou sila k ap detounen atak devan pòtay yo.


Mwen te di: “Nan mitan lavi m, mwen gen pou antre nan pòtay Sejou mò yo. Mwen gen pou pèdi tout rès ane mwen yo.”


Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.


Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo. Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan, men Ou te leve lavi m monte soti nan fòs la, O SENYÈ Bondye mwen an!


Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,


Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a.


Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.


Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.


“Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.


Li te mennen li kote Jésus. Jésus te gade li e te di: “Ou se Simon, fis a Jean. Ou va rele Céphas,” ki tradwi vle di Pierre.


Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo. Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.


“Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke Li te achte avèk pwòp san Li.


Saul te fin dakò nèt ak lanmò li. Depi nan jou sa a, yon gran pèsekisyon te kòmanse kont legliz la nan Jérusalem. Yo tout, sof ke apòt yo, te gaye toupatou nan rejyon Juda avèk Samarie yo.


“O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”


Konsa, ak rekonesans gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo.


Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo.


Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la.


Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.


men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.


(men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)


Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.


跟着我们:

广告


广告