Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 15:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

19 Se nan kè l tout move lide sòti, lide touye moun, lide fè adiltè ak tout lòt bagay ki pa dakò ak volonte Bondye tankou lide vòlò, lide fè manti sou moun, lide bay manti.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay.

参见章节 复制




Matye 15:19
24 交叉引用  

Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal.


SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.


Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.


Foli mare nan kè a yon timoun; baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.


Fòmante foli se peche, e mokè a abominab a tout moun.


Veye sou kè ou ak tout dilijans; paske de li, sous lavi yo koule.


ki avèk pèvèsite nan kè l fè tout tan sa ki mal, ki gaye konfli.


Kite mechan an abandone chemen li an, ak pechè a, panse li yo. Kite li retounen kote SENYÈ a e Li va gen mizerikòd sou li; anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.


Pye pa yo kouri vè mal, e yo fè vit pou vèse san inosan an. Panse pa yo se panse inikite, e destriksyon ak dega sou chemen yo.


Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo. Nanpwen lasante ladann nan. Se kilès ki ka konprann li?


Lave kè ou retire mal la, O Jérusalem, pou ou ka sove. Pou jiskilè panse mechan nou yo va rete anndan ou?


Alò, Balaam te di a bourik la: “Akoz ou te pase m nan rizib! Si m te gen yon nepe nan men m, Mwen ta gen tan touye ou deja.”


Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”


men Mwen di nou ke nenpòt moun ki gade yon fanm avèk lanvi pou li, gen tan fè adiltè avèk li deja nan kè l.


Men Jésus te konnen panse yo e Li te di: “Poukisa nou ap reflechi mal nan kè nou?


Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.


Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt.


跟着我们:

广告


广告