Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 15:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Pa okipe yo. Yo se avèg k ap gide avèg. Si yon avèg ap gide yon avèg, se toude k ap tonbe nan yon twou.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

14 Pa okipe yo! Se yon bann avèg k'ap mennen avèg parèy yo. Si yon avèg ap mennen yon lòt avèg, tou de gen pou tonbe nan menm twou a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”

参见章节 复制




Matye 15:14
19 交叉引用  

Alò, Ejipsyen yo se moun. Se pa Bondye. Cheval yo se chè; se pa lespri. Pou sa, SENYÈ la va lonje men L; sila k ap bay sekou a va glise tonbe. Sila ki resevwa sekou a va tonbe, e yo tout va rive fini ansanm.


Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an, oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a? Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M, oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?


Gadyen Li yo avèg. Tout nan yo san konprann. Se chen bèbè ki pa ka jape; moun k ap kouche fè rèv, ki renmen somèy.


Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo. Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.


Pwofèt yo fè fo pwofesi e prèt yo domine selon pwòp otorite yo. Epi, a la renmen pèp Mwen an renmen l konsa! Men se kisa n ap fè lè sa rive nan bout pou l fini?


Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè? Yo pa t wont menm. Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo. Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo, yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.


Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.


Éphraïm vin jwenn ak zidòl yo. Kite li pou kont li.


Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo.


Epi Li te anplis pale yon parabòl a yo menm: “Èskeyon nonm avèg kapab mennen yon nonm avèg? Èske tou de p ap tonbe nan twou?


Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”


diskisyon san rete antremoun ak panse konwonpi e san verite, ki sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.


Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo.


Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la.


Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.


Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.


跟着我们:

广告


广告