Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 14:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Men, jou fèt Ewòd la, pitit fi Ewodyad la t'ap danse devan tout envite yo. Sa te fè Ewòd plezi anpil.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men, nan jou fèt anivèsè nesans Ewòd, pitit fi Ewodias la te tèlman byen danse devan envite yo, sa te fè Ewòd plezi anpil.

参见章节 复制




Matye 14:6
21 交叉引用  

Alò, li te vin rive nan twazyèm jou, ki te fèt nesans a Farawon an, ke li te fè yon fèt pou tout sèvitè yo. Epi li te leve tèt a chèf responsab pote manje a ak chèf bòs boulanje a pami sèvitè li yo.


Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.


Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.


Konsa, li menm te sèmante pou bay li nenpòt sa ke li te mande li.


Yo te di: “Mèt, Moïse te di: ‘Si yon nonm mouri, li pa gen pitit, frè li, nan fanmi ki pi prè a va marye avèk madanm li, pou l elve yon Pitit pou frè li.’


Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.


Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.


Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;


Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”


Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”


Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.


Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.


Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,


Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo,


avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.


Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


跟着我们:

广告


广告