Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 14:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Paske lè Hérode te fè yo arete Jean, li te mare li e mete li nan prizon akoz Hérodias, madanm a frè li, Philippe.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

3 Se Ewòd menm ki te fè arete Jan Batis. Li te fè mare l mete nan prizon poutèt Ewodyad, madanm Filip, frè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Ewòd te di sa, paske se li menm ki te bay lòd pou arete Jan, anchene l epi mete l nan prizon. Ewòd te arete l poutèt Ewodias, madanm Filip, frè Ewòd.

参见章节 复制




Matye 14:3
18 交叉引用  

Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo.


Men lè fèt nesans Hérode te rive, Pitit a Hérodias te vin danse devan yo, e Hérode te trè kontan.


Alò lè Jésus te tande ke Jean te arete, Li te retire kò li pou L antre Galilée.


Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.


Paske se te Hérode menm ki te voye fè arete Jean, e li te mare l nan prizon pou koz Hérodias, madanm a frè li a, Philippe, akoz ke li te marye avè l.


Konsa, Hérodias te gen yon kont avèk li, e te vle mete L a lanmò men l pa t kab fè l;


Lè fi a Hérodias la te vini pou kont li e te danse, li te fè Hérode kontan ak tout vizitè li yo nan fèt la. Konsa Wa a te di fi a: “Mande mwen nenpòt sa ou vle, e m ap bay ou li”.


Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”


Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.


Nan menm jou sa a, kèk Farizyen te pwoche. Yo te di L: “Ale kite isit la, paske Hérode vle touye Ou.”


Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate.


Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.


Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César a, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrark nan Abilène,


avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.


Alò, vè lè sila a, Wa Hérode te mete men l sou kèk moun ki te apatyen a legliz la pou l maltrete yo.


“Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la,


跟着我们:

广告


广告