Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:57 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

57 Konsa, yo te pran ofans de Li. Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

57 Se rezon sa yo ki okazyone yo tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: — Yon pwofèt pa janm jwenn konsiderasyon li merite, ni nan peyi li, ni nan fanmi li, ni lakay li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

57 Yo te gen gwo pwoblèm pou yo aksepte Jezi. Lè sa a Jezi di yo: “Moun tout kote fè lwanj pou pwofèt, eksepte moun nan pwòp vil kote pwofèt la te leve ak moun nan fanmi li.”

参见章节 复制




Matye 13:57
19 交叉引用  

Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an, a Sila ke lòm meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an, a Sèvitè a chèf yo: “Wa yo va wè e vin leve, Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a, Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”


Li te meprize e abandone pa lòm; yon nonm ak gwo tristès ki te konnen gwo soufrans, ak tout maladi. Tankou yon moun de sila moun kache figi yo, Li te vin meprize, e nou pa t bay Li okenn valè.


Li va devni yon sanktiyè; men pou toulède kay Israël yo, L ap yon wòch pou fè nou bite, yon zatrap ak yon pèlen pou sila ki rete Jérusalem yo.


Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”


Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.


Jésus te kite la. Li te vini nan pwòp vil pa Li a, e disip Li yo te swiv Li.


Wa Hérode te tande de bagay sa yo pwiske non Li te deja vini byen koni. Moun t ap di ke Jean Baptiste te gen tan leve soti nan lanmò, ki fè L vin gen pouvwa pou fè tout mirak sa yo.


Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.


Konsa, Jésus te di yo: “Yon pwofèt pa janm san onè sof ke nan pwòp vil pa L, pami pwòp fanmi li e nan pwòp kay Li.”


Konsa, Li te di: “Anverite Mwen di nou, nanpwen pwofèt ki byen resevwa nan pwòp vil li.


Beni se sila ki pa pran ofans akoz Mwen.’”


Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li.


E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”


Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?


跟着我们:

广告


广告