Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:47 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

47 — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

47 Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason.

参见章节 复制




Matye 13:47
33 交叉引用  

Epi li va vin rive ke mesye lapèch yo va kanpe akote li. Soti En-Guédi jis rive En-Églaïm, va gen kote pou ouvri filè yo. Pwason pa yo va selon espès pa yo, tankou pwason Gwo Lanmè a, anpil, anpil.


“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.


Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.


Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo.


Li te di yo: “Swiv Mwen e M ap fè nou vin fè lapèch moun.”


Jésus te di yo: “Swiv Mwen, e M ap fè nou fè lapèch moun.”


Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou. Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.”


Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.


Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile.


Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene disip yo pou yo ta swiv yo.


Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.


Souvan mwen te fè vwayaj, an danje nan rivyè, danje ak vòlè, danje ak pwòp moun peyi mwen, danje ak moun etranje yo danje nan vil yo, danje nan dezè, danje sou lanmè, e danje pami fo frè yo.


Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.


“A zanj legliz nan Sardes la, ekri: Sila ki gen sèt Lespri Bondye ak sèt zetwal yo, di sa a: Mwen konnen zèv nou yo, ke nou gen repitasyon ke nou vivan, men nou mouri.


跟着我们:

广告


广告