Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, l ale, li vann tou sa l genyen pou l ka achte li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li.

参见章节 复制




Matye 13:46
15 交叉引用  

si ou chache li kon ajan, e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;


Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans. Lakrent SENYÈ a se trezò ou.


“Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.


“Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl.


“Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.


Men mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.


Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e mwen menm pou mond lan.


A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo.


Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.


Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.


Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.


跟着我们:

广告


广告