Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

44 — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an.

参见章节 复制




Matye 13:44
29 交叉引用  

Lòm pa konnen valè li, ni valè li pa kab twouve nan peyi moun vivan yo.


A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò! Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.


Poukisa gen kòb nan men moun ensanse a pou l achte sajès, konsi, li pa konprann anyen?


Sila ki izole pwòp tèt li, chache pwòp enterè l; bon jijman an pa anyèn devan l.


Achte verite e pa vann li! Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.


“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo! Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje. Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.


Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.


Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.


“Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.


Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”


Konsa Pierre te reponn Li. Li te di: “Gade, nou fin kite tout bagay pou te swiv Ou. Kisa k ap gen pou nou?”


“Tout moun ki kite kay yo oubyen frè yo oubyen sè yo, papa, Manman, zanfan, oubyen tè pou koz a Non Mwen, ap resevwa anpil fwa sa a, e va eritye lavi etènèl.


Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.


“Konsa, nanpwen youn nan nou ki kapab disip Mwen si li pa renonse ak tout sa li posede.


Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.


Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.


Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.


Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.


Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.


“Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.


跟着我们:

广告


广告