Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:32 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

32 Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

32 Grenn moutad, se grenn ki pi piti nan tout grenn ki genyen. Men, lè l pouse, li pi gwo pase tout plant menm kalite avèk li. Li vin yon gwo pyebwa. Se konsa zwazo nan syèl la vin fè nich nan branch li yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

32 Grenn moutad la se semans ki pi piti, men lè li grandi, li vin pi gwo plant pami legim yo. Li vin tounen yon pyebwa kote zwazo yo ka fè nich.”

参见章节 复制




Matye 13:32
20 交叉引用  

Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay. Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.


Tout zwazo syèl yo te fè nich nan branch li yo. Anba branch sila yo, tout bèt chan yo te vin fè pitit. Tout gran nasyon yo te vin rete anba lonbraj li.


Fèy li te byen bèl, fwi li te anpil e nan li, te gen manje pou tout moun. Bèt chan yo te jwenn lonbraj anba li, epi zwazo nan syèl yo te rete sou branch li, epi tout kreyati vivan yo te jwenn manje yo ladann.


Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”


Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li?


Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”


Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?


Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di:


Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a.


Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”


跟着我们:

广告


广告