Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:24 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

24 Jezi ba yo yon lòt parabòl ankò. Li di yo konsa: — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

24 Jezi bay foul la yon lòt parabòl: “Wayòm syèl la se tankou yon nonm ki simen bon semans nan jaden li.

参见章节 复制




Matye 13:24
23 交叉引用  

Paske Li pale, Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la.


Akoz sa, pawòl SENYÈ a, yo va: “Lòd sou lòd, lòd sou lòd, liy sou liy, liy sou liy, yon ti kras pa isi, yon ti kras pa la,” pou yo kapab ale, chape glise pa dèyè, vin kraze, pran nan pèlen e vin prizonye.


“Fis a lòm, pwopoze yon devinèt e pale yon parabòl a lakay Israël.


Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la.


Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale.


Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li.


Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”


Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan.


“Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason.


“Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo.


“Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.


“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.


“Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.


“Konsa, Wayòm syèl la tankou dis vyèj ki te pran lanp yo pou soti e rankontre jennonm k ap marye a.


“Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.”


Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.


Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li?


Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la?


Akoz de lespwa ki rezève pou nou nan syèl la, jan nou te tande deja nan pawòl verite Levanjil la,


paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告