Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 13:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò. Konsa, l'a gen plis pase sa l bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l nimm ti sa l te genyen an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Nenpòt moun ki jwenn bon konprann kounye a gen pou yo jwenn plis pase sa yo gen bezwen. Men, nenpòt moun ki manke bon konprann ap gen pou yo pèdi menm ti sa yo te genyen an.

参见章节 复制




Matye 13:12
17 交叉引用  

“Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.


Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l.


“Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun.


men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”


Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk. “Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.


Li te rele li, e te di li: ‘Kisa ke m tande sou ou la a? Bay yon kontwòl sou jerans ou, paske ou pa kab jeran ankò.’


“Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè.


“Pou sa, okipe nou de jan nou tande. Paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”


“Paske Nenpòt moun ki wont Mwen, ak pawòl Mwen yo, a li menm, Fis a Lòm nan va wont lè Li vini nan glwa Li, ak glwa a Papa a, e glwa a zanj sen yo.


Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”


Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.


跟着我们:

广告


广告