Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

7 Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo. Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.

参见章节 复制




Matye 12:7
14 交叉引用  

Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job.


Paske Li kanpe kote men dwat malere a pou sove li de men a sila ki jije nanm li yo.


Yo vin reyini ansanm kont lavi moun dwat yo, e kondane inosan yo a lanmò.


Sila ki bay rezon a mechan an, ni sila ki kondane moun dwat la; tou de abominab a SENYÈ a.


Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis, epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.


Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.


Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”


E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen nou tankou tèt ou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”


Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.


Nou te kondane e mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.


Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.


Samuel te di: “Èske SENYÈ a twouve menm fòs plezi nan ofrann brile yo avèk sakrifis yo ke li jwenn nan obeyi vwa SENYÈ a? Veye byen, obeyisans pi bon ke sakrifis e koute pase grès a belye yo.


跟着我们:

广告


广告