Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:46 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

46 Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

46 Jezi t'ap pale ak foul moun yo toujou lè manman l ak frè l yo vin rive. Yo rete deyò, yo t'ap chache yon jan pou yo te pale avè l.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

46 Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l.

参见章节 复制




Matye 12:46
26 交叉引用  

Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an.


Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”


Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas?


Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.


“Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”


“Pèsòn pa koud yon moso twal ki poko lave sou yon vye rad, pou lè l fin lave, twal nèf la pa sere e separe de li; nèf la va kite ansyen an, e rad la va vin chire pi mal.


Se pa chapant lan, fis Marie a, frè a Jacques, avèk Joses, ak Jude, ak Simon an? Se pa sè Li yo ki avèk nou? E yo te ofanse de Li.


Kijan bagay sa a rive m, ke manman Senyè mwen an ta vin kote mwen?


Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.


Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.


Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”


Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.


Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.


Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.


Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la.


Aprè sa Li te desann bò kote Capernaüm, Li ansanm avèk manman Li, avèk Frè Li yo, ak disip Li yo. Epi yo te rete la pou kèk jou.


Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”


Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.


Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo.


Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.


Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.


Èske nou pa gen dwa pou pran avèk nou yon madanm fidèl nan lafwa, menm jan ak rès apòt yo, frè a Senyè yo ak Céphas?


Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte Jacques, frè a Senyè a.


跟着我们:

广告


广告