Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:41 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

41 Jou jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.

参见章节 复制




Matye 12:41
20 交叉引用  

Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi; epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo. Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.


Konsa, SENYÈ a te di m: “Israël enfidèl la te montre li pi dwat pase trèt la, Juda.


“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”


Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”


Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la.


Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la.


Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.


Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!”


“Anverite, Mwen di nou ke tout bagay sa yo ap rive sou jenerasyon sila a.


“Lèzòm Niniv yo va kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman an, e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche. Konsa, veye byen, gen yon bagay pi gran ke Jonas isit la.


Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.


Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”


Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a?


Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.


跟着我们:

广告


广告