Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:27 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

27 Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

27 Si se Bèlzeboul ki ban m pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

27 Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a.

参见章节 复制




Matye 12:27
10 交叉引用  

Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”


Men si Mwen menm pa Béelzébul chase dyab yo, pa kilès fis nou yo konn chase yo? Konsa, se yo menm k ap jij nou yo.


“Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen?


Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye.


跟着我们:

广告


广告