Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 12:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a; byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an. M ap mete lespri Mwen sou Li, e Li va pwoklame jistis a payen yo.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 “Men sèvitè mwen an, moun mwen chwazi a, moun mwen renmen anpil la, moun ki fè kè m kontan anpil la. M ap ranpli l ak Sentespri m. Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.

参见章节 复制




Matye 12:18
40 交叉引用  

Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo. Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan. Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.


Lespri SENYÈ a va poze sou Li, lespri a sajès ak bon konprann, lespri a konsèy ak pwisans lan, lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.


“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an; sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a. Mwen te mete Lespri M sou Li. Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.


Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès. Li va leve wo, e vin egzalte anpil.


Apre gwo doulè nanm Li an, Li va wè limyè a, e Li va satisfè. Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun akoz konnesans Li anvè Li menm; e Li va pote inikite yo.


Nasyon yo va wè ladwati ou e tout wa yo glwa ou. Konsa, ou va rele pa yon non nouvo ke bouch SENYÈ a va bay.


O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an e sekou mwen an nan jou gwo malè a, vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè. Yo va di: “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti sa ki pouriyen, san enpòtans e san benefis.”


Alò koute, Josué, wo prèt la, ou menm ak zanmi ki chita devan ou yo—anverite, yo se moun ki sèvi kon yon sign. Paske gade byen, Mwen va fè parèt sèvitè Mwen an Scion an.


Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:


Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”


Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”


Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”


Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”


e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”


“Lespri Senyè a sou Mwen, paske Li te onksyone M pou preche bòn nouvèl la a malere yo. Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo, pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.


Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”


Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Paske Li bay Lespri a san mezi.


sou Jésus de Nazareth la, jan Bondye te bay li onksyon avèk Lespri Sen an, e avèk pwisans, Li te ale toupatou e t ap fè byen, jan Li te geri tout moun ki te oprime pa dyab la, paske Bondye te avè L.


Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”


Yo te rive e reyini tout legliz la ansanm. Yo te komanse bay rapò a tout bagay ke Bondye te fè avèk yo, ak jan Li te louvri pòt lafwa a pèp etranje yo.


Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.


Paul, yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an


Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a.


Vin kote Sila ki kòm yon wòch vivan te rejte pa lèzòm, men ki chwazi pa Bondye, e presye nan zye Li.


Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.”


跟着我们:

广告


广告