Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 11:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’!

参见章节 复制

1998 Haïtienne

18 — Jan Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li.

参见章节 复制




Matye 11:18
17 交叉引用  

Alò Jéhu te sòti deyò kote sèvitè mèt li yo. Youn nan yo te mande l: “Èske tout bagay byen? Poukisa nonm fou sila a te vin kote ou a?” Li te reponn yo: “Ou konnen nonm sila a avèk tout sa li pale yo.”


Mwen pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch, ni mwen pa t vante tèt mwen wo. Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen, paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.


“SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou mete li nan sèp ak nan kolye an fè.


Jou pinisyon yo gen tan rive. Jou jijman yo gen tan rive. Israël va konsidere Pwofèt la kon yon moun fou, moun ki gen gwo limyè a kon plen ak foli, akoz inikite ou yo tèlman vin anpil, e akoz rayisman ou yo vin tèlman gran.


Se kont pou yon disip pou li vini menm jan avèk enstriktè li, e yon esklav menm jan ak mèt li. Si yo rele mèt kay la Béelzébul, konbyen anplis pou yo kalomye manm kay li yo!


pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.


Alò, Jean li menm te gen yon rad fèt avèk pwal chamo avèk yon sentiwon fèt an kwi nan senti li. Li te konn manje krikèt avèk siwo myèl sovaj.


Men Farizyen yo t ap di: “Li chase move lespri yo pa pouvwa a mèt move lespri yo.”


Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Béelzébul menm ki pran L. Li chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.


“Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.


Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”


Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”


Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”


Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’


Pandan Paul t ap di sa nan defans li, Festus te di ak yon gwo vwa: “Paul, tèt ou fin pati! Gran konesans ou fè ou vin fou.”


Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.


跟着我们:

广告


广告