Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 10:28 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

28 Nou pa bezwen pè moun ki ka touye kò a men ki pa ka fè nanm lan anyen. An nou pè Bondye pito, li menm ki ka detwi ni kò a ni nanm lan nan dife lanfè.

参见章节 复制




Matye 10:28
30 交叉引用  

Men SENYÈ a, Bondye nou an, nou va krent Li. Epi Li va delivre nou soti nan men a tout lènmi pa nou yo.”


Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”


Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo. AYIN


Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito gen lakrent Bondye.


“Mwen, Mwen menm se Sila ki bannou konsolasyon an. Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri, ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?


“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati, yon pèp ki gen lalwa M nan kè yo. Pa pè repwòch a lòm, ni dekouraje lè y ap meprize nou.


Paske se men M ki te fè tout bagay sa yo; se konsa tout bagay sa yo te vin egziste,” deklare SENYÈ a. “Men, anvè sila Mwen va gade; sila ki enb ak kè ki repanti a, e ki tranble devan pawòl Mwen yo.


Èske nou pa krent Mwen?’ deklare SENYÈ a. ‘Èske nou pa tranble devan prezans Mwen? Paske Mwen te poze sab la kon lizyè lanmè a; yon dekrè etènèl, pou l pa ka travèse l. Malgre lanm lanmè yo vole, yo p ap ka enpoze yo; malgre yo fè raj, yo p ap ka travèse li.’


Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele.


Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”


Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.


epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.


Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”


Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men Bondye vivan an.


Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon.


Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?


Men menmsi nou ta soufri pou koz a ladwati, nou beni. Pa pè entimidasyon pa yo, e pa twouble.


“Pa pè pou sa nou prèt pou soufri yo. Veye, dyab la prèt pou voye kèk nan nou nan prizon, pou nou kab pase a leprèv, e nou va gen tribilasyon pandan di jou. Rete fidèl jiska lanmò, e mwen va bannou kouwòn lavi a.


跟着我们:

广告


广告