Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 10:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Alò, non a douz apot yo te konsa: Premye a, Simon, ke yo rele Pierre, André, frè li, Jacques, fis a Zébédée, Jean, frè li,

参见章节 复制

1998 Haïtienne

2 Men non douz apòt yo: Premye a se te Simon (li te ba l yon ti non: Pyè) ak Andre, frè li. Te gen Jak, pitit Zebede, ak Jan, frè li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Men non douz apot yo: An premye, nou jwenn Simon (yo rele l Pyè) epi frè li ki rele Andre, Jak pitit Zebede ansanm ak frè li Jan,

参见章节 复制




Matye 10:2
44 交叉引用  

Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo.


Manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo. Li te bese devan L pou mande L yon favè.


Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès.


Alò pandan Jésus t ap mache sou kote lanmè Galilée a, Li te wè de frè yo, Simon, ke yo rele Pierre, ak André, frè li. Yo t ap voye yon filè nan lanmè a, paske se moun lapèch yo te ye.


Lè Li te vin ale pi lwen, Li te wè de lòt frè, Jacques fis a Zébédé avèk Jean, frè li. Yo te nan kannòt la avèk Zébédé, papa yo. Yo t ap repare filè yo. Li te rele yo.


Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.


Pandan Li te chita sou Mòn Oliv la, anfas tanp lan, Pierre avèk Jacques e Jean ak André t ap kesyone L an prive.


Apòt yo te rasanble avèk Jésus. Yo te bay Li yon rapò de tout sa yo te fè ak sa yo te enstwi.


“Pou rezon sa, sajès a Bondye te di: “Mwen va voye bay yo pwofèt ak apòt. Kèk yo va touye, e kèk yo va pèsekite;


Lè lè a te rive, Li te repoze a tab, e apòt yo te avè L.


Li te voye Pierre avèk Jean e te di: “Ale prepare Pak la pou nou pou nou kab manje li.”


Anplis, Jacques avèk Jean, fis Zébédée yo ki te asosye yo avèk Simon te sezi tou. Jésus te reponn Simon: “Pa pè, depi koulye a, se moun n ap kenbe.”


Lè apòt yo te retounen, yo te bay Jésus yon istwa de tout sa ki te rive a. Li te fè yo ale avè L, pou yo fè retrèt vè yon vilaj yo rele Betsaïda.


Philippe te vin di André. E André ak Philippe te di Jésus sa.


Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.


E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”


Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.


Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


Pou sa, Jésus te di a douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”


Jésus te reponn yo: “Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?”


Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.


Youn nan disip yo, André, frè a Simon Pierre te di L:


Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la.


Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.


Li te mete Jacques, frè a Jean a lanmò avèk yon nepe.


Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.


Answit Li te parèt a Jacques, e answit tout apot yo.


Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè,


Konsa, frè sen yo, patisipan a yon apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a.


Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila ki chwazi davans yo,


Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri:


Ansyen an k ap ekri madanm chwazi a, ansanm ak pitit li yo, ke mwen renmen anverite; pa mwen sèlman, men tout sila ki konnen laverite yo,


Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.


Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,


Mwen, Jean, frè nou, ki patisipe avèk nou nan tribilasyon, wayòm, ak pèseverans ki nan Jésus a, te sou lil ki rele Patmos la, akoz pawòl a Bondye ak temwayaj de Jésus a.


“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”


Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.


跟着我们:

广告


广告