Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 1:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Konsa, tout jenerasyon yo soti nan Abraham jiska David se katòz jenerasyon epi kite David pou rive nan depòtasyon Babylone nan, se katòz jenerasyon. E poukite depòtasyon Babylone nan pou rive a Kris La, se katòz jenerasyon.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Konsa, pran depi Abraram jouk nou rive sou David, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi David jouk nou rive lè yo te depòte pèp Izrayèl la ale lavil Babilòn, te gen antou katòz jenerasyon papa ak pitit. Pran depi lè yo te depòte pèp la jouk nou rive sou Kris la, te gen katòz jenerasyon papa ak pitit tou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Konsa, sòti nan Abraram pou rive nan David, gen katòz jenerasyon papa ak pitit. Sòti nan David pou rive nan depòtasyon pèp la nan peyi Babilòn, gen yon lòt katòz jenerasyon. Sòti nan depòtasyon nan peyi Babilòn pou rive nan dat nesans Mesi a, gen yon lòt katòz jenerasyon.

参见章节 复制




Matye 1:17
5 交叉引用  

Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.


ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo.


Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo.


Li te twouve premyèman frè li, Simon, e te di Li: “Nou te twouve Mesi a, ki tradwi se Kris la.”


跟着我们:

广告


广告