Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Matye 1:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Aprè depòtasyon Babylone nan, Jéchonias te fè Salathiel; e pa Salathiel, Zorobabel.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

12 Apre yo te fin mennen yo ale lavil Babilòn, Jekonyas te fè Salatyèl. Salatyèl te papa Zowobabèl.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Apre yo fin egzile yo nan peyi Babilòn: Jojakin te fè Salatyèl. Salatyèl se te papa Zowobabèl.

参见章节 复制




Matye 1:12
20 交叉引用  

Konsa, li te mennen an egzil tout Jérusalem avèk tout kapitèn ak tout moun avèk gwo kouraj yo; di-mil kaptif, avèk tout mèt ouvriye ak tout sila ki konn fòme oswa fonn metal yo.


Alò, li te vin rive nan trant-setyèm ane an egzil a Jojakin, wa Juda a, nan douzyèm mwa a, nan venn-setyèm jou nan mwa a, ke Évil-Merodac, wa Babylone nan, nan lane ke li te vin wa a, li te lage Jojakin, wa Juda a, soti nan prizon.


Fis a Jéconias yo, prizonye a: Schealthiel, fis li a,


Konsa, Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a.


Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.


Alò, sila yo se te prèt avèk Levit ki te monte avèk Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué: Seraja, Jérémie, Esdras,


“Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou.


Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?


Konsa pale SENYÈ a: “Mete nonm sa a nan lis kon ‘san pitit’, yon nonm ki p ap reyisi nan jou li yo. Paske nanpwen moun nan desandan li yo ki va reyisi, ni k ap chita sou twòn David la, ni gouvène ankò nan Juda.”


ke Nebucadnetsar, wa Babylone nan, pa t pran lè l te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, te fè sòti Jérusalem pou rive Babylone, ak tout gwo moun Juda ak Jérusalem yo.


Nan dezyèm ane Darius, wa a, nan premye jou sizyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vini pa pwofèt Aggée a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda, e a Josué, fis la a Jotsadak la, wo prèt la. Li te di:


Konsa, Zorobabel, fis a Schealthiel la ak Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak tout retay a pèp la, te obeyi vwa a SENYÈ a, Bondye yo a, e pawòl a Aggée yo, pwofèt la, akoz se SENYÈ a, Bondye yo a ki te voye li. Epi pèp la te montre lakrent pou SENYÈ a.


Konsa, SENYÈ a te twouble lespri Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, lespri Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la ak lespri retay pèp la; epi yo te vini travay nan kay SENYÈ dèzame yo, Bondye yo a,


“Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a retay a pèp la e di:


‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi konsa, Mwen va fè ou vin tankou yon bag so, paske Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”


Josias te fè Jéchonias ak frè li yo nan tan depòtasyon Babylone nan.


A Zorobabel te fèt Abiud; e a Abiud, Eliakim, e a Eliakim, Azor.


Konsa, tout jenerasyon yo soti nan Abraham jiska David se katòz jenerasyon epi kite David pou rive nan depòtasyon Babylone nan, se katòz jenerasyon. E poukite depòtasyon Babylone nan pou rive a Kris La, se katòz jenerasyon.


fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri,


跟着我们:

广告


广告