Malachi 3:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 参见章节1998 Haïtienne16 Men moun ki gen krentif pou Senyè a t'ap pale yonn ak lòt pou ankouraje yonn lòt. Li fè louvri yon liv souvni nan prezans li pou moun ki gen krentif pou li yo epi ki respekte non li. 参见章节 |
“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.