Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Malachi 2:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Akò Mwen an avèk li se te akò pou lavi ak lapè. Mwen te bay li yo pou li ta kab vin gen lakrent anvè M; epi konsa, li te krent Mwen e te vin gen gwo lakrent pou non Mwen.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Nan kontra mwen te pase ak yo a, mwen te pwomèt mwen t'ap ba yo lavi ak kè poze. Mwen ba yo li vre. Yo menm, se pou yo te gen krentif pou mwen. Yo te gen krentif pou mwen vre, yo te respekte m'.

参见章节 复制




Malachi 2:5
14 交叉引用  

Paske Ou te koute ve mwen yo, O Bondye. Ou te ban mwen eritaj a sila ki gen krent non Ou yo.


Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a; men sila ki fè chemen kwochi a meprize li.


“‘Mwen va fè yon akò lapè ak yo e retire bèt sovaj sou peyi a pou yo ka viv ansekirite nan dezè a, e dòmi byen nan forè a.


Mwen va fè yon akò lapè avèk yo. Li va yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo. Mwen va etabli yo, fè yo vin miltipliye e Mwen va mete sanktyè Mwen nan mitan yo jis pou tout tan.


Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l,


epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann.


“Pran Levit yo olye de tout premye ne pami fis Israël yo ak bèt a Levit yo olye bèt pa yo. Konsa, Levit yo va pou Mwen: Mwen se SENYÈ a.


“Epi apre sa, Levit yo kapab antre pou fè sèvis nan Tant Asanble a. Konsa, ou va netwaye yo e prezante yo kòm yon ofrann balanse vè lotèl la;


跟着我们:

广告


广告