Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Malachi 1:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 “Yon fis onore papa li, e yon sèvitè onore mèt li. Alò, si Mwen se yon papa, kote onè pa M nan? Epi si Mwen se yon mèt, kote respè M nan?” pale SENYÈ Dèzame yo a prèt yo ki meprize non Mwen an. “Men nou di: ‘Nan kisa nou te meprize non Ou an?’

参见章节 复制

1998 Haïtienne

6 Senyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou kounyeya, nou menm prèt yo ki pa respekte l. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l respekte papa l. Yon domestik fèt pou l gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouray pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la?

参见章节 复制




Malachi 1:6
52 交叉引用  

Men gade, jan zye a sèvitè yo rete sou men a mèt yo, Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li, Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.


Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.


Pitit a pitit se kouwòn a granmoun, e glwa a fis yo se papa yo.


Gen yon kalite moun ki modi papa li e refize beni manman l.


“Pou zye moun ki moke yon papa e ki giyonnen yon manman, kòbo nan vale a va vin rache l, e jenn èg yo va manje li.


Koute O syèl yo e tande O latè; paske SENYÈ a pale: “Fis Mwen leve yo, men yo fè rebèl kont Mwen.


Ou pa t mennen ban Mwen mouton a ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak ofrann brile ou yo, ni ou pa t onore M ak sakrifis ou yo. Mwen pa t mete gwo fado sou ou ak ofrann yo, ni fè ou fatige ak lansan.


Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’ Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”


Nanpwen moun ki rele non Ou, ki leve pou atache a Ou menm; paske Ou te kache figi Ou a nou menm e te livre nou nan pouvwa inikite nou yo.


Pou sa, O SENYÈ, Ou se Papa nou, nou se ajil la e se Ou ki met kanari a; nou tout se zèv men Ou yo.


Ni pwofèt ni prèt yo vin pouri nèt. Menm anndan lakay Mwen an, Mwen jwenn mechanste yo”, deklare SENYÈ a.


Se pa depi koulye a, ou va rele a Mwen: ‘Papa mwen, ou se zanmi jenès mwen’?


Ak dlo nan zye, yo va vini. Ak siplikasyon, Mwen va mennen yo; Mwen va fè yo mache akote sous dlo yo, sou yon chemen dwat kote yo p ap tonbe a; paske Mwen se yon Papa pou Israël. Éphraïm se premye ne Mwen.”


Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’


Prèt li yo te fè vyolans kont lalwa Mwen an, e te pwofane bagay sen Mwen yo. Yo pa t fè okenn separasyon antre sa ki sen ak sa ki pwofàn, ni yo pa t ansegne distenksyon antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. Yo kache zye yo devan Saba Mwen yo, e Mwen vin pwofane pami yo.


Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich. Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen; Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri okenn inikite, ki ta peche.”


Pèp Mwen an detwi akoz mank konesans. Akoz ou te rejte konesans, Mwen menm tou, Mwen va rejte ou. Ou p ap ka fè prèt pou Mwen, akoz ou te bliye lalwa Bondye. Konsa, Mwen menm tou, Mwen ap bliye pitit nou yo.


Tande bagay sa a, O prèt yo! Prete zòrèy ou O lakay Israël! Koute byen, O lakay wa a! Paske jijman an se pou ou, paske ou te yon pèlen nan Mitspa e yon Filè ouvri sou Thabor.


“‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.


Pwofèt li yo se moun trèt san prensip. Prèt li yo te souye sanktyè a. Yo te fè vyolans a lalwa.


“Alò, koulye a, prèt yo, lòd sa a se pou nou.


Èske se pa yon sèl papa nou genyen? Èske se pa yon sèl Bondye a ki te kreye nou? Poukisa nou chak ap trayi pwòp frè nou, nan pwofane akò a papa zansèt nou yo?


Men pou nou menm, nou te detounen kite chemen an. Nou te koze anpil moun chite nan lalwa a. Nou te dezonore akò Lévi a,” pale SENYÈ dèzame yo.


“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.


Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”


li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.


Onore papa ou avèk manman ou, epi renmen pwochen ou tankou tèt ou.”


Pou tout sa, priye konsa: “‘Papa nou ki nan syèl la, ke non Ou kapab Sen.


“Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la.


Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”


Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’


Men li te vle jistifye tèt li. Li te di a Jésus, “E kilès ki vwazen mwen?”


Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”


“Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.


“Poukisa nou rele M ‘Senyè, Senyè’, e pa fè sa ke M di?


Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès;


epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”


se konsa nou rekonpanse SENYÈ a, O pèp ki san konprann e ki san sajès? Èske se pa Papa nou, Kreyatè nou an, ki te fè nou e ki te fòme nou?


‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.


Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.


跟着我们:

广告


广告