Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Malachi 1:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

5 Moun Izrayèl yo pral wè sa ak pwòp je yo. Epi y'a di: Senyè a gen pouvwa menm andeyò peyi Izrayèl la.

参见章节 复制




Malachi 1:5
14 交叉引用  

Pou sa, kòlè SENYÈ a te kont Juda avèk Jérusalem, e Li te fè yo vin yon objè gwo etonman abominab avèk laperèz ak siflèt ki fèt sou yo, jan nou wè avèk pwòp zye nou an.


Epi ou va vini kont pèp Mwen an, Israël, tankou yon gran nwaj k ap kouvri tout tè a. Li va vin rive nan dènye jou ke Mwen va mennen ou vini kont peyi Mwen, pou nasyon yo ka konnen Mwen lè M fin sanktifye atravè ou menm, O Gog, devan zye yo.”


Mwen va egzalte tèt Mwen, sanktifye tèt Mwen e fè tèt Mwen menm vin rekonèt nan zye a anpil nasyon. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”


“‘“Nan lè sa a, sila ki rete nan vil Israël yo va sòti deyò pou limen dife ak zam yo pou brile yo, ni pwotèj yo, ni boukliye yo, banza ak flèch yo, baton lagè ak nepe yo e pandan sèt ane, yo va fè dife ak yo.


Konsa Li va leve pou mennen bann mouton Li an nan fòs SENYÈ a, nan majeste a non SENYÈ, Bondye Li a. Epi yo va viv, paske nan tan sa a, Li va pwisan jis rive nan dènye pwent latè.


konsa, se pwòp zye pa nou ki te wè tout gran zèv ke SENYÈ a te fè yo.


“Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou.


Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.


“Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou.


跟着我们:

广告


广告