Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 9:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Konsa, Élie ak Moïse te parèt devan yo ansanm, e yo t ap pale avèk Jésus.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

4 Twa disip yo wè Eli ak Moyiz parèt, yo t'ap koze avèk Jezi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

4 Epi, men Moyiz ak Eli te vin parèt ap pale ak Jezi.

参见章节 复制




Mak 9:4
15 交叉引用  

Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean.


Rad Li yo te vin klere jis yo blanchi nèt, blanch kon okenn moun k ap fè lesiv nan mond sa a, pa t janm kab fè.


Pierre te reponn pou di Jésus: “Mèt, se bon pou nou isit la; annou fè twa tabènak, youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Élie.”


Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.


Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”


Yo te reponn Li, e te di: “Jean-Baptiste, oswa Eli; men lòt yo, youn nan ansyen pwofèt yo ki leve ankò.”


Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.


Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”


跟着我们:

广告


广告