Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 16:13 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo pa t kwè yo nonplis.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

13 Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pat ankò vle kwè toujou.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 De disip sa yo retounen al di lòt disip yo sa ki te rive, men lòt disip yo toujou pa kwè.

参见章节 复制




Mak 16:13
9 交叉引用  

Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.


Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, yo te refize kwè sa.


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


“Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.


Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo.


Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”


Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”


Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè.


跟着我们:

广告


广告