Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 12:9 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Kisa mèt jaden an ap fè? Li va vin detwi kiltivatè rezen yo, e li va bay jaden an a lòt moun.

参见章节 复制

1998 Haïtienne

9 Bon! Ki aksyon nou kwè mèt jaden an ka fè? L'a vini, l'a fè touye mesye yo epi l'a bay lòt moun travay jaden an.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap bay lòt moun jaden an.

参见章节 复制




Mak 12:9
33 交叉引用  

Èske se pa yon ti kras tan ki rete ankò avan Liban vin transfòme an yon chan fètil, e chan fètil la va konsidere kon yon forè?


Ou va kite non nou kon yon malediksyon a moun chwazi pa Mwen yo, e Senyè BONDYE a va touye nou. Li va rele sèvitè Li yo pa yon lòt non.


O mòn nan vil andeyò Mwen an, Mwen va bay yo tout richès ou yo ak tout trezò ou yo kon piyaj, wo plas ou yo pou peche, nan tout lizyè ou yo.


Paske depi solèy la leve jis rive kote li kouche a, non Mwen va gran pami nasyon yo, e tout kote, lansan ak ofrann sereyal ki san tach va vin ofri a non Mwen. Paske non Mwen va gran pami nasyon yo,” pale SENYÈ Dèzame yo.


Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”


“Lè lè rekòlt la te rive, li te voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a.


“Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li.


Lè wa a tande sa a, li te anraje. Li te voye lame li pou te detwi tout asasen sa yo, e te mete dife nan vil pa yo.


Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?: ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a; sila a te devni wòch ang prensipal la.


Epi yo te pran li, yo te touye li, e te jete li deyò jaden an.


“Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”


Ésaïe, ak kouraj te di: “Mwen te twouve pa sila ki pa t chache M yo; Mwen te vin parèt a sila ki pa t mande pou mwen yo.”


Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an,


跟着我们:

广告


广告