Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 11:17 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

17 Li te kòmanse pale ak yo. Li te di yo: “Èske li pa ekri: ‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”

参见章节 复制

1998 Haïtienne

17 Li t'ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: — Men sa ki ekri, pa vre: Y'a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlò.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

17 Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m? Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”

参见章节 复制




Mak 11:17
9 交叉引用  

menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an, e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an. Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an; paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”


Tout bann mouton Kédar yo va rasanble kote ou. Belye a Nebajoth yo va sèvi ou; yo va vin aksepte pou monte sou lotèl Mwen an, e Mwen va glorifye kay Mwen an ki plen lonè ak mayifisans.


Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.


Men yon machann, ak fo balans lan nan men l. Li renmen twonpe moun.


Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan ki pote yon chaj.


Li te di yo: “Li ekri. ‘Lakay Mwen va yon kay lapriyè, men nou fè l vin yon kav vòlè.’”


Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo.


A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”


跟着我们:

广告


广告